Yo Pou Zin

Pase pran yon moun ou renmen
Plezi an prale tanmen
Tout moun men nan men
Y ap Tann konpa ZIN

ZIN blayi yon gwouv fasil
Yo rele l lafos trankil
ZIN fe ou souri
Se yon “Hit factory”

Se nan ZIN pou jwenn fanm ou monche
Djaz sa telman dous manmi
Se nan ZIN pou jwenn nonn ou mache
An han

Lo tanbou ZIN pran sonnen
Tout moun ape byen mennen
Yo tout plotonnen
Y ape brase ren

Bal la poke menm pran fen
Moun yo ap mande pou demen
Yo vle retounen
Tounen danse ZIN

Se nan ZIN pou jwenn fanm ou monche
Djaz sa telman “mean tonne”
Se nan ZIN pou jwenn nonm ou mache
Le gwouv ap tonbe
Tout moun chofe
Sa k pa ka rantre
Y ape rele woy
Ban mwen ZIN mwen (2 fwa)

Tout sa k renmen ZIN yo - You pou ZIN
Matcho potoprens yo - You pou ZIN
Bel ti moun pwovens yo - You pou ZIN
Kamyonet taptap yo- You pou ZIN
Tout estasyon radyo yo - You pou ZIN
Ti mesye “DJ” yo - You pou ZIN
Tout televizyon - You pou ZIN
Zin o ala fe ou fe ou menm

Le gwouv ap tonbe
Tout moun chofe
Sa k pa ka rantre
Y ape rele woy
Ban mwen ZIN mwen (2 fwa)

Tout sa k vini pou yo ploge
De je femen y ap siwote
Kite l dous kite l dous
Tout sa k vin pou voye monte
De men anle y ap depoze
Kite l dous kite l dous
Kite l dous kite l dous

Weyo we we weyo (4 fwa)

(ZIN) Ou fe twop

Kite l woule
Wi men men
Men men se fasil

Le gwouv ap tonbe
Tout moun chofe
Sa k pa ka rantre
Y ape rele woy
Ban mwen ZIN mwen (2 fwa)

Tout sa k renmen ZIN yo - Yo pou ZIN
“Pose Connecticut” la - Yo pou ZIN
“Pose 93rd” la - Yo pou ZIN
Ti mesye “BG's” yo - Yo pou ZIN
Tout elev lekol yo - Yo pou ZIN
Gran moun kou ti moun - Yo pou ZIN
Mesye dam lot djaz yo - Yo pou ZIN
Vivan kou zonbi - Yo pou ZIN

Yo tout wi o o
Yo tout yo tout
“Yeah” yo pou ZIN
O o pa ranse
Pa gen la chwa
Se vre
Yo pou ZIN
A yo pou ZIN wi
Alawonnbade
O o tout tout pou ZIN
Sa k pase anko
Sa k te gen anko
Yo pou ZIN
Epi epi
Bon m di w





Eddy Saint-Vil
-----------------

 
     

 

Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved