W'Ale

Ou ale
(Ou) Fèmen je w sou mwen
(Ou) Fè m bliye ki moun mwen ye

Ou kite m
(Ou) Elwaye w de mwen
(Ou) Fè m bliye kote m prale

Pada
Lè w pa la jou sa samble jou
Chapadabap pap pada eya
Kè kontan kache nan mapou
(M) Koupe fache
(M) Koupe fache avèk lanmou

Ou Ale
(Ou) vire do w ban mwen
(Ou) vire do w ban mwen
Kòmkidire nou pat anyen

W ale
(Ou) Seche lapli (ou) etenn solèy an mwen
Ou bliye jan mwen renmen w

Pada pada pada
Mwen renmen w plis pase yè
Padebeda pap pap pada eya
Mwen damou w mwens pase pase demen
Cheri m sonje w
Chak swa m reve w m wè nou tounen
Ki lè wa p tounen pou n al pi lwen

W ale
W ale e
Pou jan sa te ye le n te rankontre
M pa ta janm panse nou ta separe
W ale
W ale e
Ou te di m lanmou n pou letènite
Pouki poukisa ou leve w ale

Pouki
W ale
Tanpri
Rete
Men pouki w ale chouboulout an mwen
Men tanpri rete rete non souple
Pouki
W ale
Tanpri
Rete
Pouki w ale
Tanpri rete

W ale
W ale e
Pou jan sa te ye
M pa ta janm panse nou ta separe
W ale
W ale e

Wayo wayo (4x)
Pou ki rezon w ale
Si ke m te ka pale
Rete pou lanmou n kontinye (2x)

Pouki w ale
Mwen di w rete
W ale w ale e
Pou jan sa te ye
M pa ta janm panse nou ta separe
W ale
W ale e
Ou leve ou ale w vire do w ban mwen
San pale san w pa menm di m pouki cheri
W ale
Tanpri doudou
Rete
Tounnen banm lanmou mwen pa fin fou
Ou konnen san ou jounen m pa we jou
Pouki
W ale
Tanpri
Rete pouki w ale
Tanpri rete

 

Alan Cave
-------------


 
     

 

Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved