Pa Okipe'l

Hey patnè sispann veye sou mwen
Sispann vi n di mwen
Sa pou mwen fè sa pou m pa fè
Konnen n kite e nou pa ka tounen dèyè
Lese m viv vi mwen
M vle chwazi nèg mwen

Hey sister sa ou konprann nan se pa sa
Nonm sa a se (y)on pwazon
Yon flè a sezon
Genlè ou panse
Se ou menm sèlman li vle
Pa kouri kwè sa pa kouri kwè sa

Hey gade zanmi
Tèt ou finn pati
Pa fè jalouzi
Pou yon fanm ke ou deja pedi
Pa kwè sa cheri
Misye nan manti
L ap finn manje mimi
Epi l ap di ou “bye bye baby”

Chorus 1
Sa ou konprann li ye a se pa sa
An an se pa sa
Jan ou konprann li ye a l pa konsa
An an l pa konsa

Fè foli pou li Sa ou pran se pa ou
Si ou lage kò ou bali Sa ou pran se pa ou
Al krezi pou li Sa ou pran se pa ou
Si ou tonbe damou li Sa ou pran se pa ou

Ba l pawòl pou l pa vle mwen Sa ou pran se pa ou
Si ou fè li pa sou bò mwen Sa ou pran se pa ou
Si ou fè li vag sou mwen Sa ou pran se pa ou
Mwen pa p kite ou gache vi mwen

Lead/Chorus
Sister si l di ou se ou li vle Pa okipe li
Si l di ou se avè ou li vle rete Pa okipe li
Li mèt di ou l pap janm kite ou Pa okipe li
Li mèt di ou ke l ap marye ou Pa okipe li
Se manti l ap ba ou Pa okipe li
Nan betiz l ap pase ou Pa okipe li
Se blofe l ap blofe ou Pa okipe li
Nan rizib l ap pase ou Pa okipe li

Patnè si l di ou li pa renmen m Pa okipe li
Si misye di ou li pa damou m Pa okipe li
Patnè si l di ou l p ap ret avè m Pa okipe li
Si l di ou dekou l ap fè avè m Pa okipe li

Se manti l ap ba ou Pa okipe li
Nan betiz l ap pase ou Pa okipe li
Se blofe l ap blofe ou Pa okipe li
Nan rizib l ap pase ou Pa okipe li

Dekou l ap fè An an
Li pa remen ou An an
Li pa damou ou An an
L pa p janm marye ou An an

Se mwen li vle An an
Mwen li renmen An an
Se mwen l damou An an
Mwen l ap marye An an

Chorus 1

 

 

Alan Cave
Eddy Saint-Vil
-----------------

 
     

 

Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved