Boubout

Chak fwa m'panse mwen jwenn lanmou
Mwen we se pran mwen pran yon lot kou
Genle lanmou pa fet pou mwen
Lanmou mwen pa gen demen

Poutan ke mwen chaje ak renmen
Yon renmen k'ap koule san fen
Yon renmen chak jou k'di “men mwen”
Pou yon moun pran n'ak de men

M'pa janm renmen san m'pa damou damou
E le m' damou m'vin dou tou dou to dou
Tout moun te gen tan di se fou mwen fou
Paske yo konnen kanmenm mwen pral pran yon lot kou

Chorus 1
O o o li le pou m jwenn lanmou
Yon lanmou pou toujou
Mwen swete yon jou
M'jwenn moun pou m'damou

Li le pou m jwenn lanmou
Yon lanmou pou toujou
Mwen swete yon jou
M'jwenn moun pou m'damou

Li le pou m' gen yon boubout
Ki chaje ak senserite
Cheche m ap cheche
Li le pou m'gen yon boubout
Chak jou k'ap di m' se mwen l'vle
Cheche m ap cheche
Li le pou m'gen yon boubout ki pap voye mwen jete
Cheche m ap cheche
Li le pou m'gen yon boubout
Ki banm lanmou toutbon vre
Cheche m ap cheche

Chorus 1

M bezwen yon boubout
Pou mwen ka damou
Ki pou damou mwen
Pou mwen ka renmen
Pou ban m'lanmou
Lanmou chak jou
Et pour toujours
Pou mwen karese
Ki pou karese m'
Pou mwen dolote
Pou ki dolote m'
Pou fe mwen dous
Ki pou fe fe m' dous
Pou m'byen renmen
Pou m'mennen san fen

M bezwen yon boubout
Ki renmen m'toutbon vre
Ki pap voye m'jete
Ki damou m'toutbon vre
Kap ave m' pou l'rete
Ki le jou sa a ap rive
Pou priye m'ekzose
Ki kote pou m'ale
Kote fanm sa a rete
Eske l' New York City
M'pral cheche l' Ayiti
Eske li Miami
Petet Filadelfi
M'pral cheche l' Matinik
M'pral cheche Lagwaloup
M'pral cheche l' Lagaiyan
Cheche li toupatou



Pierre-Michel Theodat
Eddy Saint-Vil
-------------------------

 
     

 

Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved