Konesans (Poko Poko)

Konesans
Se sa k rete lè w fin bliye tout sa w aprann
Edikasyon ak eksperyans ki pou ba wou l
Rete lekòl

Wi si pou w konnen
Fò ou sispann monte desann k ap fè w pedi tan
Fò ou sispann pawòl anpil k ap fè w awogan
Fò ou saj pou aprann
Pou konprann
Fò w ka tann

Avèk yon ti efò wa va rive konnen
Pou Aprann
Pou konprann
Fo w ka tann
Chimen ledikasyon k ap ba wou la rezon

Poko poko poko
Poko di ou konnen
Monkonpe reflechi byen
Avan w pale tenten (2x)

Avan w mache fò ou rale
Avan w pale fò w mamote
Pou aji fò w reflechi
Ou te piti avan w grandi

Avan w fè gam fò w konn ankò
Pou rive fo w derape
Pou doktè fò w konsilte
Pou di ou fè fò w rele ZIN

Poko poko poko
Poko di ou konnen
Monkonpe reflechi byen
Avan w pale tenten (2x)

Si w Konnen - Di w konnen
Si w pa Konnen - Pa di w konnen

Poko poko poko - poko poko poko
Poko di ou konnen - poko di ou konnen
Monkonpe reflechi byen - Reflechi reflechi
Avan w pale tenten - Anav pale pale tenten

Poko poko poko - Poko poko
Poko di ou konnen - Poko di ou konnen
Monkonpe reflechi byen - Reflechi avan w pale
Avan w pale tenten

Konpè fè zero
Men se paske l kreten
Eske w konnen
Z-I-N fe ZIN

Kite l mache

Konpè fè zero
Men se paske l kreten
Eske w konnen
Z-I-N fè ZIN

 

 

Eddy Saint-Vil,
Alex Abellard
------------------

 
     

 

Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved