Bòs Tayè

Se te yon bòs tayè
Yo rele Jacques Cadet
Misye te gen yon kliyant
Ki te rele Venant
Mini jip ekspoze
Manmsel vin eseye
Yo antre dan lachanm
Po yo fè yon jwèt ansanm
Madanm li pa la
Li mete veye kay la
Nan mete bel kontwol
Tande sa k pase
Lè m fè sa m ouvri pot
Ke yo sote

Kenbe kenbe (3x)
Si w pa ban m pa m map di madanm
Bare bare (3x)
Si w pa ban m pa m map di madanm

Kouri san pèdi tan
(M)mande separasyon
M anvi fè eskonbrit
Pou vwasinaj paret
Olyede dantimèt
Mwen we se kout sizo
Yo remake m move
Yo ban mwen san babye

M manje m manje (3x)
Li telman ban m pa ka pale
M manje m manje (3x)
M fè kwa sou bouch pou ma pa pale

Tayè taye
Apranti dekoupe (4x)

Woho sizo mwen nan men mwen
Kite m taye
Santimet mwen pare
Kite m koupe
Zegwi mwen file
Kite m taye
Bobin fil mwen chaje
Kite m koupe
Machinakoud mwen tou nef
Kite m taye
Lonn mwen long
Kite m koupa
Kite m koupe twal
Kite m taye
Kite m taye rad pou m met pou medam yo tande

Tayè taye
Apranti dekoupe (4x)

Bòs tayè
M renmen kout sizo w la wi

Se yon sizo de kn
Ki tap taye yon twal
Lakay Jacwues Cadet
Gade machè
Mwen ba w nèf mwa pou peye (2x)

Bòs taye bòs tayè
Mwen ta di ou se yon kanson fè
Bos taye bòs tayè
Mwen ta di ou se yon kanson fè

Jacques Cadet kòm atoufè
Kou yon grate devan bal
Venant kwaze sizo sizo fe kannal
Madanm pa la
Ou ka nan fè sa ki mal
Mwen anvi fe tripotay
Venant rilaks pou m pa fè deblozay
Lonn li long tou

Se yon sizo de kòn
Ki tap taye yon twal
Lakay Jacques Cadet
Gade machè
Mwen ba w nèf mwa pou peye (2x)

Sizo m nan menm kite m taye

 

 

Romeo Volcy
-----------------


 
     

 

Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved