M'Damou Ou

Doudou pou jan nou renmen
Ou pa ta fe'm sa
Ou rete, ou leve pati
Ou ale san ou pa di'm ki le ou ap retounen
Ou konnen le ou pa la
Ke'm sere m'ap soufri
Cheri'm santi m'ap febli
Pa kite'm peri
Di mwen ou ap retounen
Doudou mwen pap janm jwenn yon lot nom tankou ou
Konen mwen d'amou ou
Se ou menm mem mwen renmen
Kounien an se nan rev mwen chagren
Vinn sove'm, vinn louvri ke mwen

Cheri se ou map tann pou vinn ouvri ke'm
Ay cheri ban'm lanmou
Pouki sa cheri, ou ape vire loloje mwen
Cheri m'renmen ou
Fo ou ta nan ke'm mwen pou ou ta santi doule mwen
Cheri damou ou
M'pa konn sa'm ta fe, pou'm ta we ou vini jwenn mwen
Cheri m'renmen ou
Pu embrase mwen, karese mwen
Fe'm konnen se mwen ou renmen

Cheri se ou m'renmen
Renmen
Cheri se ou'm damou
Damou
Cheri se ou m'renmen
Renmen
M'te d'amou ou pou'm pa janm separe (bis)
Lanmou'm toujou la pou ou
Cheri se ou renmen
Lanmou'm toujou la pou ou
M'te d'amou ou pou nou pat janm kite
L'anmou'm toujou la pou ou
Cheri vinn jwenn mwen
L'anmou'm toujou la pou ou.


Salazar Jn-Baptiste
-----------------------

 
     

 

Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved