Koyo

Ou mache sou mwen ou gade m' nan je
Tankou yon nonm ki obsede
Ou vin kote m' ou di m' fon' pale
(Ou di m') Koze sila paka rete
Ou di'm ke ou pran dife
(Ou di'm) Se mwen ou vle

M'di ou vag sou mwen ou pa vle tande
Si ou pesiste ou ap fe'm move
M'deja di ou m'pa enterese
Pa gen rezon pou kontinye
Ou pran poz ou se yon macho
Men ou se yon koyo

Neg lontan te konn fe bel womans
Neg lontan te toujou tre galan
Pran leson pou pawol ou fe sans
Aprann aji an bon jennjan.
Si ou konn sa ou Pinga ou anmede mwen

Vag sou mwen
Si ou pase kote'm, pito ou pa gade'm
Vag sou mwen
Konpe kwe sa ou vle, mwen pa enterese
Vag sou mwen
Avan ou pran koze, al aprann pale.

Al aprann pale
Avan ou pale ak fanm
Al aprann pale
Avan ou koze ak fanm
Al aprann pale
Avan cheche fanm
Al aprann pale
Avan ou file fanm
Al aprann pale
Pou ka sedwi fanm
Al aprann pale
Pou ka chame fanm
Al aprann pale
Pou fe yon fanm tonbe
Al aprann pale

Men koyo a
Sou jan ou abiye yo we ou se yon koyo
Men koyo a
Depi sou jan ou mache yo we ou se yon koyo
Men koyo a
Depi sou jan ou pale yo we ou se yon koyo
Men koyo, men koyo, men koyo.

Ou pran poz ou se yon macho
Ou mache di ou dous kou siwo, oh oh
Ou potre yon gwo koyo, oh
Ki pa menm ka fe yon bon bo, oh...

Bel p1ol pa ou se oto, oh
Month lanmou pa ou se kado, oh oh
Tet mwen fo ou p'ap fe ke'm cho
Mwen pa'p pran gason koyo, oh.




Eddy Saint-Vil
----------------

 
     

 

Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved