Konpa Nou

Se pa tout tanbou ki gen menm son
Se pa tout mizik ki gen menm akò
Toujou cheche toujou enspire
Men toujou kenbe orijinalite

Mizik pa lòt moun nou ka apresye
Men konpa nou a se li pou nou jwe
Se ladann nou leve
Se li menm nou danse
E se lo ki pou toujou gen priyorite

Woule tanbou w
Ha a ha
Mate bas ou
Chandandan
Bouyi gita w
Bouyi gita w sa k pa w deja pa w
Pwodui lokal nou “c'est du bon Compas”
Kavalye pran men dam ou pou al danse

Kale senbal ou
Ha a ha
Mate gong ou
Tonmdonmdondonm
Lage bel solo
Solo ka p fè w montw pi wo
Pa gen mizik nou konnen pase pa nou
Tanbou prete pa janm fe bon bal

An ale danse
An ale ploge
Pa di m ou akonpaye
Pa ban m barye
Se en de k ap mate
An ale danse
An ale ploge
Pa di m ou fatige
Pa ban m poto
Se konpa kap mate

Mwen menm avè w sou yon karo
Konpa nou fè ti ko nou cho
Kata senbal la ap file
Tankou dlo sous fre kap koule

Son tanbou a antre anndan m
Son tanmtanm nan mache nan san m
Konpa m fe m santi m ap reve
Mwen san kontwol m anvi rele

An ale danse
An ale ploge
Pa di m ou akonpaye
Pa ban m baryè
Se en de k ap mate
An ale danse
An ale ploge
Pa di m ou fatige
Pa ban m poto

An ale
Mwen di K
Met K
Mwen di O
Met O
Mwen di N
Met N
Mwen di P
Met P
Mwen di A
Met A
Sa fè KONPA
Sa fè KONPA

An ale
Mwen di K
Met K
Mwen di O
Met O
Mwen di N
Met N
Mwen di P (bouch ou)
Met P
Mwen di A
Met A
Sa fè KONPA
Sa fè KONPA
Sa fè KONPA

An ale danse
An ale ploge
Pa di m ou akonpaye
Pa ban m barye
Se en de k ap mate
An ale danse
An ale ploge
Pa di m ou fatige
Pa ban m poto
Se konpa kap mate

Mwen menm avè w sou yon karo
Konpa nou fè ti kò nou cho
Kata senbal la ap file
Tankou dlo sous fre kap koule

Son tanbou a antre anndan m
Son tanmtanm nan mache nan san m
Konpa m fè m santi m ap reve
Mwen san kontwòl m anvi rele

An ale danse
An ale ploge
Pa di m ou akonpaye
Pa ban m barye
Se en de k ap mate
An ale danse
An ale ploge
Pa di m ou fatige
Pa ban m poto

 

 

Alex Abellard
-----------------

 
     

 

Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved