|
Si'w Vle'm
De zan depi n' renmen cheri
De zan depi yiun danmou lot
Jame nou pa janm gen problem
Juskaske li rantre nan vi'w
Eske se mwen k' pa bo tandres?
Eske se mwen ki manke sou mwen?
Eske se li, eske se nou?
Wa padone'm si m' te bal yon chans
Nan telefon nou t'ap pale
Ou fe m' konprann ke se nou de
Bay randou sa pa mache
M' bouke ret tann, ta ap pase
De je'm bouche, m'pa we devan'm
Mwen pa vle kwe yo revoke mwen
Kisa k' ta di sa ta rive
Si w' gen pitye pase men pran'm
Refrain
Si w' vle'm pran mwen
Pran mwen pou demen
Si w' vle'm di mwen oh! Ah...(Bis)
Se pa yon rezon cheri pou w' ban'm
Kouraj si w' pa renmen'm
Men sa ka rive tou ke w'
Pa ka chwazi ant nou tou
Le de sel bagay m' konnen
Cheri mwenm pap dezyem plas
Refrain
Eske'w bliye tout sa'n pale?
Eske'w bliye tout sa'n te di?
alo cheri yon denye chans si lanmou bay bobe;
E si lanmou gen jistis
E si lanmou pa gen rankinn
Alo cheri, yon denye chans
Si ou vle'm; si ou renmen'm
Di'm ou renmen'm
Di'm ou renmen mwen
Di'm ou damou mwen;
Joseph Zenny
----------------
|
|