|
Pou Ki Sa
David, depi'l tou piti, li te gen foli ranmbo, comando,
Lap syuiv kouzen'l kap pran poz zoro
Tout la jounen li nan televizyon, lap gade fim aksyon,
Li menm panse se lik sanson
Papa'm, manaman'm, pat pran prekosyon,
Yo t toujou met deyo san yo pa fe atansyon
Kite fizi avek minisyon,
Toupre, ti gason, bal o kanon
Pou ki sa'm pat pale, manaman'm
Pou ki sa'm pat pale,
Pou ki sa'm pat pale, papa'm
Pou ki sa'm pat pale
David, depi'l tou piti, yo te toujou rele'l
LwiJanBoje, bravedanje
Avan anyen, man li ap grate'l
Konsa youn jou, pwowennen cheche,
David rete, rete, li pran youn zam ki chaje
Pran poz koboy, likilik, lape
Se rete'm rete, rete, rete...
Gade manman'm kap kriye,
Papa'm ap eseye konsole'l
Dlo p ka sispan'n koule
Se pitit li ki ale. (Bis)
Menm si, Mwen si, mwen te pi piti,
Mwen te we, sa ta pral mal fini
Epi tou anyen mwen pa't janm di
Gade ki jan gran fre'm mouri
Pouki sa'm pat pale (4 fois)
Gade manman'm kap kriye...dlo nan je'l,
Papa'm ap eseye konsole'l
Dlo pa ka sispan koule
Se pitit li ki ale. (Bis)
Pou ki sa'm pa't pale...
David, si o mwen'm te pale, male pa ta rive'l...
David Dupoux
-----------------
|
|