Out
Sa fe 5 djazz la ekziste
5 ans travay pou nou progrese
Gen moun ke sa deranje
Anplwaye taktik pou kraze'n
Se vre biznis la chanje
Men gen plas pou tout moun manje
Pa bezwen ge jalouzi
Politik, ni fe bri kouri
Refrain
Bad boy pa a la mod anko, bad boy out, out
Sousou pa a la mod anko, sousou, out, out
Ipokrit pa la mod anko, ipokrit out, out
An piblik yap bay bel figi
Anba anba gen ipokrizi
Pa bliye n'gen menm fantic
Yap subi tout demagoji
Jodi a peyi'm divize
Paske'n pa gen inite
Mizisyen ta dwe met ansanm
Po evite men'n tranpe nan san
Refrain
Vagabon pa gen plas li la
Konpa Kreyol nou pral jwe konsa
Kijan konsa
Tout bon konsa
Monte yo konsa (bis)
Kijan konsa
Manvi vole
Rap
Can't touch what? Can't touch this
Can't touch what? Can't touch this band (bis)
Konsa, fe bout anba'n danse konsa
Fe'l danse konsa (bis)
Medam mwen yo annale
Manvi vole (4)
Rap
David Dupoux/Joseph Zenny
-------------------------------
|