Deye Lakay

Sonje,
Deye lakay,
Ti kote sa'a, m'pap janm bliye'l.
Deye lakay,
Se fon ke'm lap ret grave.
Deye lakay,
Se premye fwa m'te pase menm sou ou,
Deye lakay.

Manman'l te kouche,
Men sa pat anpeche
Pou nou fonksyone,
N'pat menm konnen si'l tap leve.

Pap'l te soti,
Epi le a tap kouri,
N'pat menm fe vit poun te fini
Avan'l vini.

Sonje,
Deye lakay,
Ti kote sa'a'w pa ka bliye'l.
Deye lakay,
Nan panse'm li ret tache.
Deye lakay,
Se premye fwa m'te sote konsa,
Deye lakay.
Men pouki sa.

Papa'l retounen,
Bagay la teman bon nou pa konnen.
Kontinye fonksyone,
Se konsa sou nou li vi'n tonbe.

Lepe telman sote,
Ke li manke rete.
Epi'm tonbe nan tet chaje.

Kijan'm ta fe bliye,
Deye lakay.
Premye lanmou, premye echek, kote'l pase,
Deye lakay.
Pat menm gen tan fini,
Deye lakay.
Mwen pap janm ka bliye,
Deye lakay.

SOLS (manman pa ralanti'm sou kous mwen)

A rekomanse,
Kibo, kibo sa, deye lakay.
Fo nou kontinye,
Kibo, kibo sa, deye lakay.
Sa nou te komanse,
Kibo, kibo sa, deye lakay.
Fo nou acheve,
Kibo, kibosa, deye lakay.
W'anraje.

SOLO (m'sou rout, map vini, pa kanpe'm)


David Dupoux
------------------

 
     
Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved