Ti Mafi

Soley poko kouche
Ti mafi ap kalkile
Tout mize li pral pase
Pou'l fe kob la rive

Fe nwa apen mete pye
Sou de pye'l kanpe
Mete'l byen fre pou l'al poste
Nan kafou a l'pa prese pou'l rive

Li menm sel ki konnen
L'ap fe l' san l' pa pleyen
Se pa renmen l' renmen l'
Men se lavi k'ap malmennen l'

Ti mafi ape tieke
Tout machin k'ape pase
Menm si yo pa interese kisa yo di? Kisa yo fe?
Yo ralanti pou yo joure l'
Le gen yon ki kanpe
Fo l' fe pri fo l' negosye
Konbyen moun ki pral pase
Konbyen lajan li pral touche
Le kob la tonbe
Li paka kontan li paka fache

Retounen al ponche
Nwit la long e l' fek komanse

Bridge

Manman l' paka travay
Sa fe lontan pap l' kite kay
Kom eritaj
Yo bal on chay pou li pase tray

Degaje pa peche
Se sa yo fe l' panse
Lavi toujou ba w' le chwa
Ti manman cheri
L'pa blije konsa
Si'w vle chanje li pa janm two ta

Chorus
Kenbe la
Ou vo plis ke sa
Pa dekouraje
Pa lese w'ale
Kembe la
Ou vo plis ke sa
Pa dekouraje
Pa dezespere

Li deside pou li chanje lavi l'
Bagay yo ka chanje si w' vle
Li semante pou li kite

Letenel bal yon ti chans
Se sa l' bezwen se sa l' mande
Letenel bal yon ti chans
La sosyete fo n'pa juje l'
Letenel bal yon ti chans
Papa bondye pa neglije l'

Degaje pa peche se sa li te panse
Kouny'a lavi l' chanje
Sel sa m'ka di w' baby kenbe ka

Chorus....

 

David Dupoux
-----------------

   
         
     



Negosye
Back to Back
Pa tcheke Krezi
Ti Mafi
Plezi Gaye
Let's Talk
Fe Zafe'w
Veye Zo'w
Bagay Yo Red
Le M' We'W
Krezi Mache Pran Yo
 
Plezi Gaye .
Le'm We w'
why do you say you love me?
Pam Pam Pam
I'm Sorry
Plezi Gaye Live
Deye Lakay



       
Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 199-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved