Fè Zafè W'

Depi zafè w'ap mache,
w'ap fè bon bagay pou la sosyete
Toujou gen ti egri k'ap fè tou sa yo kapab,
Pou anpeche w' vanse
Gen sa k'ap pale w' mal,
K'ap chache tout mwayen pou denigre w'
Gen sa k'ap bay mantin
Tou senpleman pou kritike w'
Men se ou k' pou konnen,
Si w'ap mache sou dwa chimen

Depi w' gen bondye avè w',
Se volonte l' k'ap akonpli,
Ou panse demen, ou gen w' vizyon k'ap mennen w' lwen
Fò w'pa kite mallwendeng, vin eseye pase w' nan plezantri

Refrain:

Ti Egri pa ka fè w' anyen
Yo pakab, yo pakab
Mallwendeng pa ka deranje w' (bis)

Tout medizan sa a yo se yon sel pouvwa ke yo posede
Se yon vyé lang vipè,
ki chita jp fè tripotay, chita ap radote

Se mache tout kote rakonte istwa ke yo evante
Gen sa ki diplome pou yo twonpe la sosyete
Men nan lavi sa a gason,
Fò w'gen anpil konsantrasyon
Pou lè yo vle atake w', ou mete pawol bondye devan
L'a ba ou pwoteksyon, la mete w' sou bon direksyon
Pou malè pa janm rive w' wa toujou pike pi devan

Refrain ...

Si ou kwe nan bondye e ou kwè nan lavi
Pa gen anyen k' ka anpeche w' ranpli destine w'
Pa mache tèt bese se ou bondye chwazi
Pa pedi integrite w' non non non non!

Ti Egri pa fè,
Ti Egri pa fè sa!

Refrain 2:

Fè zafè w', m'ap fè zafè m'
Pa bare m' sou wout mwen,
N' pa gen menm visyon (bis)

Mwen konn kote mwen prale
Mwen konn kote m'ap rivé
Ti egri, demake w' sou wout mwen.
Ti Egri, debare w' sou wout mwen

Mwen gen yon plan ki trase e m'ap toujou pesevere
Ti Egri, demake w' sou wout mwen
Ti Egri, debare w' sou wout mwen

Refrain 2 ...

Ti Egri fo w' pa kanpe la (4 fwa)

Ou wè jaz sa a papa
Manyen l' si w' kapab,
Bloke l' s w' kapab,
Boykote l' si w' kapab,

Men w' wè konpa sa a,
Ou pap ka manyen l'.

Refrain 2 ...

 

 

Micheal Benjamin
-----------------------

   
         
     



Negosye
Back to Back
Pa tcheke Krezi
Ti Mafi
Plezi Gaye
Let's Talk
Fè Zafè w'
Veye Zo'w
Bagay Yo Red
Le M' We'W
Krezi Mache Pran Yo
 
Plezi Gaye .
Le'm We w'
why do you say you love me?
Pam Pam Pam
I'm Sorry
Plezi Gaye Live
Deye Lakay



       
Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2007 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved