Mal

Eske nou kapab pale, kou 2 moun te ka pale, san ke ni mwen ni ou pa pè tonbe.
Lè kagoul la pa maske ou, revolvè a pa nan men ou, eske ou pa wè ni mwen ni ou sanble ?
Lè gran bòs la kòmande moun pou al egzekite, eske bon lanj ou pa tranble ?

Wape snife malpwopte pou fose realite san ou pa sonje demen se yon frè w’ ki ka tonbe.
Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite. Yo panse ou ka kraze, brize.
Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite. Ou du mwens yo toleran.

Wap fete ak zanmi ou ranson fin separe kou an realize, fanmi viktim ap kryie, tout moun se dlo nan je.
La vi gen yon pri ke pèson sou la tè pap jan ka fin peye, ou kon kouri, ou pa kon kache, wi devan Bondye.

Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite (2)

Li lè li tan pou ou panse, ke nan la vi sa tou sa ou fè se li men ke ou wè, lè ou fin touye fò ou prepare ou pou ou krye. Se la loi de la nature zanmi.

Kote ou banm kou a fèm mal, ou kraze zanmi mwen
Kote ou banm kou a fèm mal, ou detwi manman mwen
Kote ou banm kou a fèm mal, ou fan fwa papa mwen
Kote ou banm kou a fèm mal.

Nan chak fanmi gen yon poto mitan, depi ou frape l’ se kay la ou vide, se avni peyi a ou likide eske, ou ka responsab yon zak konsa.

Nou vann tout sa n’genyen, tout fanmin yo vin pov, pov pov, menm ti moun pa epanye
Sa ta fè m’mal si m’wè ou tonbe ; Sa ou seme se li ou rekolte.
Si ou pa tande m’, si ou pa koute m’, an verite, mwen wè se sak ka rive. (2)

Yo pwal di m’ te wè sa pou ou. Mwen pap kite kou sa pou ou.

 

Mizik Mizik
----------------

 
         
 

Mal
Ranmasé Konpa
Lavi Ka Bel
Paradi Nan Lanfè
Pa Gen Moun Ki Gen Moun
Chaviré
Nou La
Pa Gen Rézon
Se Fèt Manman'w

Sa Poun Fe
Listwa
Karo
Blakawout
Fanm Chans
Tankou Yon Wa
Toujou 2 Ger
Sonia
Pa Gen Ponyet
P&G Remix

Webe
Plante
Ki Moun Ou Ye
Ayizan
Men krab La
Jou Fevriye
Sove Lakay
School La
G
Webe (No Fear Mix)

Le Nap Fe Lanmou
Kenbem
Alfredo
Et Si Enfin
Angelika
Farinen/Nan Moman
Mepris
Danse Ploge
Irvington
Yon Jou Va Rive
Amame
Kanaval De Ger
 
     

Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved