Pwoblem Mwen

Gade jan wap boule amba ou soley menm timoun
Lakay ou san somey yap mande si gen on
Bon Dieu nan syel
Telman cheri lavi'w an dey,
Te gen on tab ou te si bel
Jodia se ou ki pi bel nan nouvel bon Dieu papa
Fe yon mirak soti nan syel souplee pou Ayiti
Cheri mwen

Mesi bon Dye aske'w bann la sante fos kouraj ak souf
Poum repire ou pwotegem le'w we vim an
Dange ou pa janm lagem depim te ti bebe
E le mwen grangou ou toujou banm a mange
Si se te pou lome mwen pa ta existe, men'm
Gen on pwoblem bon Dye
Kapp trakasem map lagel nan men'w pap edem

Pwoblem mwen peyim na fin kraze
Pweoblem mwen peyim nan divize
Pwoblem mwen anyin pa janm chanje
Pwoblem mwen mwen peyim degringole

De jou an jou bagay yo vin pi difisil na lakou Lakay
Anyen pa fasil, telman'n ge pwoblem yo
Monte pil sou pil o, malidi ekonomi tout
Sou do n epi nou se pwemye pep nwa libere
Men juskapresan anp viv avek tou de
Pye'n minote n'toujou bezwen libete ak yon ti limye
Pou'n we si peyi nou a pi eklere
E le nap gade dan le mond antye tou pa tou pa
Tou se bomb kap tonbe Israel Palestine
Amerika Iraq Avganistan se sa
Kap koule e le nap gade zam les hommes kreye
Ak tout plan pou yo ut sou kretyen vivan ki
Pa menm ka mange tanpwi bon Dye sove'm

Pwoblem mwen se la ge tou pa tou
Pwoblem mwen kadav nan chak kafou
Pwoblem mwen peyi mwen nan grangou
Pwoblem mwen nou gen twop lougarou

Grangou nan vant tout moun sou jant
Kile bouch nou a gen on ti mant
Mezanmi peyi nou an soy pant
O bon Dye gad jan on pep pa gen chans o

Nnou bouke se on mone nap monte
Nou boukeee se on mone nap monte

-Rap
Petion-Ville fe pati kel peyi Ayiti
Kofouu fe patu kel peyi Ayiti
La Saline fe pati kel peyi Ayiti
Port-Au-Prince fe pati kel peyi Ayiti

Nou tout se ayisyen'n ye pou ki sa nou divize
Eske nou pa we divizyon fen monte
On eskalye amba la mize la vi che
Polution ak posye tout moun na fe nwe
Ge delko gaz lache
Chak koukouy klere pou zye'w wa degaje'w
Men on zenglendo monche
Jete'w si yo kembe'w yap dezabiye'w
Nou pa ka viv konsa peyi ya tet amba divizyon jete sa
Tet ansanm

Gonaiv fe pati kel peyi Ayiti
Jeremi fe pati kel peyi Ayiti
Kap Ayisyen fe pati kel peyi Ayiti
Tout ayisyen soti nan ki peyi Ayiti

Pwoblem mwen peyim nan san respe
Pwoblem mwen trop politisyen magouye
Pwoblem mwen pi fo ladan yo son bann vole
Pwoblem mwen sa se yon politik kadejake
Pwoblem mwen malere pa ka monte chodye
Pwoblem mwen jeune gacon ak diplom ap vole
Pwoblem mwen ti moun 14 an ak revolve
Pwoblem mwen peyi ya tounen yon peyi vipere




Jean Adler Gaston
---------------------

 
         

     
 

Ville
Bliye Bagay Sa
Pwoblem Mwen
Mwen Renmen'w
Watcha Krazem
Kile
Kimbe La
Konsole
Angel
Conseil D'amour
Out met Ale
WineFararon Kitem' Viv
Watcha Krazem Destiny (Euro Mix)

 
     

 
Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved