Zanmi

Sa’w pa konnen pi gran pase’w
Se sa ke yo di
Lè yon moun kontrarye, li di sa li vle
Pasyon’l gen dwa monte’l fè’l fè tenten
Sa ka rive
Mesye fò’n reflechi avan’n aji
Sa se lwa’d lanati

Ou li, men pouki sa l’oblije pa ri

Fanm sa se zanmi’m li ye
Li renmen’m, mouin renmen’l tou
Pa gen anyen m’pap fè pou li
Pa gen dwa pou’w fè jalouzi, se zanmi’m li ye
Lè’w wè’l avè’m ou pe apwoche’l
Akize’m de sententeromp
Nan jéw mouin se yon deranjè
M’toujou avè’l nenpòt kilè ou pèdi chans ou
Men si se vre ou renmen fanm’m sa a
Ou mèt vin’n pale avè’l
M’pap janm ka kontrarye’w
Si ou serye ou mèt aproche’l
Di’l tout sa ki nan kè’w pou li
San fèr de demagoji
Jodi a l se zanmi’m, demen ka madan’m ou
L’ap toujou rete zanmi’m

Se Zanmi’m li ye
Se Zanmi’m li ye, Se Zanmi’m
Li pa oblije fan’m mouin (bis)

Mouin renmen fanm sa tankou sè’m, mouin se Anj Gadyen’l
Pa gen moun ki ka fè’l mal, m’ap toujou bò kote’l
Djòb mouin se pou’m pwoteje’l
Si laj vrèman amèn la rezon, gen yon jou wa konpran’n
Ke lamitye se y’on santiman sakre ke nou toujou maltrete

Se Zanmi’m li ye
Se Zanmi’m li ye, Se Zanmi’m
Li pa oblije fan’m mouin (bis)

Pou ki yo di gason ak fi pa ka zanmi
E m konnen san la fam gason pa gen lavi
Lamitye pa dwe gen fòs kote
Gason ak fi ka byen san zenterè
Lavi a semp, lavi a kout, eseye viv li san komplikasyon

Fara se zanmi’m, yon jou m’gen dwa l envite’m nan sinema / Li pa oblije fanm mouin
Maggy se zanmi’m, nou gen dwa nan telefòn tout lajounen
Li pa oblije fanm mouin
Poutèt n’ale nan sinema, li pa oblije fanm mouin
li pa oblije fanm mouin
ooooo, Li pa oblije fanm mouin
se yon zanmi li ye pou mwen

Likrès se zanmi’m, m’gen dwa pran tan’m pou admire’l

Poutèt mouin pran tan’m pou admire’l li pa oblije fanm mouin


 

Nickenson Prud'Homme
-----------------------------

 
     

 

       

 
Intro
Konpasyon'm
U are the One
Zanmi
Fete
Si Yon Jou
Premiere Danse
Bel Melody
Touche Ke Mwen
Deception
Interlude
Ti Moun Ayiti
Harmonick
   

         

Share the lyrics of your favorite Konpa Songs with the world






*File must not be Over 10MB

Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved