Kompa Nan Kayla

Li pote la jwa nan ke
Kote'l pase se ke kontan
Si ou santi'w dezespere
Depi'w tande'l wap soulaje
Depi'l frape tout moun sou pye
Yo leve pou ya'l danse'l
Femen zye ou lache ko ou
Kite feeling Kompa
Mennen'w ale

Gen moun li fe tombe damou
Pandan ke ya'p danse kole
Mesie dam fet atansyon
Pou'l pa fe nou depale
Gen moun ki di li son siwo
Depi'w goute'l li remonte'w
Li s'on bon medikaman
Pou chagrin ak maladi
Kompa direk son relijyon
Kompa se yon sakreman
Kompa se yon adiksyon
San Kompa lavi fini pou mwen

Kompa se soulajman
Pou tout moun ki nan lapinn
Kompa s'on vitamine
Mizik Kompa s'on terapi

Men Kompa

Woy woy woy
Kompa rantre nan kay la
Mete ko ou sou kote
Ba'l pase (x2 fwa)

Depi Kompa frape pa gen chita gade
Tout mounn leve danse
Pou ya'l danse kole ploge

Woy woy woy
Kompa rantre nan kay la
Mete ko ou sou kote
Ba'l pase (x2 fwa)

Woyy
Chale Kompa monte kay la pra'l pran dife
Mwen di rele pompye
Ede'm chante mezanmi

Chorus:

Woy woy woy
Kompa eantre nan kay la
Mete ko ou sou kote
Ba'l pase
Woy woy woy

Chorus:
Wey, Anmwe, Wey, Men Kompa

Djaz la mande

Chorus:
An'n mete Kompa sou yo
An'n pouse Kompa pi ro
An'n mete Kompa sou yo

Tout fanatik

Chorus:
An'n mete Kompa sou yo
An'n mete......

Djaz la mande
Tout fanatik
Tout moun ansanm
Mape mande

 

Pierre-Henry Jospitre
--------------


Interlude to Kité'l Roulé
Kité'l Roulé
Dominé
Bon Macho
Nou Damou
Interlude
É, É, É,É
L'amitié
Kompa Nan Kay La
Juanita
Bezwen Lanmou
R.E.S.P.E.C.T
Poté Kolé
Dominé (Midnight Mix)

Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved